1. Home
  2. Lyrics
  3. Loutchina Décius – Moun Pa Konn Renmen Konsa (Lyrics)
Loutchina Décius – Moun Pa Konn Renmen Konsa (Lyrics)

Loutchina Décius – Moun Pa Konn Renmen Konsa (Lyrics)

3
0
Partager

Loutchina Décius – Moun Pa Konn Renmen Konsa (Lyrics)
Tout syèl la pran aklame
BonDye pran san l lap gade
De bèl pitit li ki rankontre

Se tankou Adan ak Èv
Quel Spectacle!
Oh Quel chef d’oeuvre!
Kòmsi m wè se mwen ki nan yon rèv

Paske m pat panse
Lanmou te bèl konsa
Se tap twòp ,poum ta mande BonDye
Yon moun tankou w
Ou se priyè ,m pat konn pou m fè a
Moun pa Konn renmen konsa

Ou vini ,ou sekirize sistèm mwen
(Moun Pa Konn renmen konsa)
Ou konble m ,fèm bliye tout pwoblèm mwen
(Moun Pa Konn renmen konsa)
Ou fè ti kè mwen kontan ,sous bonè mwen
(Moun Pa Konn renmen konsa)

M santi m ta fè ti Djòlè
Poum montre tout moun a klè
Ou banm twòp rezon
Poum ap mache di ,mwen jwen trezò ki pi chè
Sèl mwen ki konn kijan w chanje m
Yo mèt dim pat espere w
Ou se pi gwo prèv ke BonDye Beni m vre

Paske m pat panse
Lanmou te bèl konsa
Se tap twòp ,poum ta mande BonDye
Yon moun tankou w
Ou se priyè ,m pat konn pou m fè a
Moun pa Konn renmen konsa

ou sekirize sistèm mwen
(Moun Pa Konn renmen konsa)
Ou fè mwen bliye tout pwoblèm mwen
(Moun Pa Konn renmen konsa)
Ti cheri doudou
(Moun Pa Konn renmen konsa)

Gadon lanmou m twouve
Mwen jwenn sa m tap chèche

E sim tap doute,sim te pè riske
Gad sa mwen tap pèdi
Gad sa mwen patap jwi
I love you,you love me
Lespri n marye
God’s watching over us
We’re gonna make it baby

Visites : 3 Aujourd’hui | 3 Totales

Partager

LEAVE YOUR COMMENT

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Prouvez votre humanité: 6   +   3   =  

error: Droits d'auteur !!!