
Rosena Josselin Orys – S.O.S
Papa m’ nan konba
Yo fè plan pou mete vi mwen tèt anba
Se byen domaj yo pa gen manda
Ou pa ba yo manda sa a
Se vre nan tan sa
Fò w’ priye, fò w jene pou kenbe yon (Kenb’on) standa
Pa ka pran gòl paske Jezi nan ka sa
Mwen gen Jezi nan kan pa m’
Jewova Rafa (Jehovah Rapha), Alfa (Alpha), Omega
Jewova Chama (Jehovah Shammah) , Pa janm anreta
Pitit ou nan konba, konba, konba
Pitit ou nan konba, konba aa
Lajounen kou lannwit
Yo kole nan kò m’
Yo ta vle m’ fè fayit
Yo mande lanmò m’
Nanm mwen kriye S.O.S
Papa, Papa S.O.S
Papa, Papa S.O.S
Papa, Papa S.O.S
Ak 2 men mwen anlè
Je m’ fikse sou ou Papa
Mil mèt tonbe agoch, 10mil tonbe adwat
Mwen menm m’ap ret (rete) entak
Kè m’ pa sote non, non, non, non
Bondye ooo gad jan y’ap jwe ak prinèl zye (je) w la
Mesye oo se pou byen m’ y’ap fè benevola
« Toutes choses concourent aux bien de ceux qui aiment Dieu »
Tout ti bòykotaj
Pi devan k’ (ki) pral avantaj mwen eee
[Rosena Josselin Orys – S.O.S (Lyrics)]